Pòtoprens, 08 fevrye 2017
Mesye Jovenel Moïse
Prezidan Repiblik Ayiti
Nan Palè Nasyonal
Objè: Lèt tou louvri poum diw ke lapriyè pap sove Ayiti
Travay kont Lapriyè
Mouche Prezidan ayè nan diskou ou te fè devan pep ayisyen an ou mandel poul
oganize twa jou ap fe jenn, sa vle di ap lapriyè san rete pou mande Bondye fè
mirak pou li, mande Bondye padon pou sal fè ak sal pa fè. Mwen sanble dakò ak wou paske se yon vye pep kipat
touye moun ki te touye premye chef deta li. Se yon vye pep ki pat fè efo pou
libere tèt li nan esklavaj ; yon vye pep ki aksepte tout moun dirijel menm
sil gen gwo dosye devan lajistis ; yon pep sot ki kwè nan linyon fè lafòs
aloske se nan pòch demagog fey Ipolit kap bouskile lot makonnen pou fè linyon
pou rich vin rich pov mouri nan mizè.
Mouche
Prezidan kitem diw mwen sipoze ke Bondye baw pouvwa sepa pou pase yon bon pep
tankou pep sa ki malgre tou kontinye renmen moun kap volè lajan leta, toupizip
saki pi piti yo, volè kap koleksyone tè pandan yap dechèpiye ti peyizan epi pa
kite yo travay tè sa yo. Yon pep ki pagen zye louvri poul di non e mete moun sa yo nan wol yo. Kipa fòse tout moun ki gran neg sou kanè bank epi kipa peye leta taks li.
Mouche
Prezidan oupa pè oupa wont devan lemond antye ou mande nou lapriyè. Mwen ta
renmen konnen sa omolog ou ye mandew apresa. Mwen ta renmen konnen konbyen
pastè yo chak ap baw kom èd pandan kenkenaw la.
Kom
mwen wè zafè lapriyè a enteresew anpil kite baw kek ti blag byen serye avan
mwen komanse rantre nan nannan koze a akew tande gran chef peyanm.
Depi tranbleman de tè a te fin frape Ayiti bò lane
2010 yo tout moun te tonbe ap lapriyè. Anpil pastè mache fè rizib nan kwen palè
nasyonal sou preteks yap kouri dèyè djab. Pandan yap lapriyè a yon replik pase
tout leve kouri.
Ou met kwèm Prezidan pwoblem Ayiti pa pwoblem
lapriyè. Kom mwen
konstate ke memwa nou kout anpil nan peyi sa banm raplew yon lot ti istwa. Pigaw
di mwen pa manke yo non. Mwen pral reziyem lonmen non yon ansyen majistra Okap
e map di tout jan mwen te apresye sal te konn fè.
Te genyen yon majistra Okap. Se yon bon moun men li
te otoritè anpil. Safè Li te gen anpil lennmi konsa tou anpil zanmi. Apre
Goudoudou te fin pase majistra a te gen yon emisyon nan yon chenn televizyon
lokal. Chak fwa toujou ap pale de vizyon kel fè. Lè sepa li menm toujou gen yon
lot sè oubyen yon pastè ki fe revelasyon pou popilasyon an lapriyè. Si
popilasyon an pa aksepte lapriyè vil Okap ap kraze anba tranbleman de tè oubyen
Sounami (Tsunami). Ste gwosè bolero sa yo te konn lage nan men moun.
Credit Photo: identifié sur la photo elle-meme, extraite sur Twitter. |
Saw tande a majistra a menm se chita fè lobi
(lobby) pou moun mache fè jenn nan tout vil la. Men paralelman pagen travay
asenisman fi fet, pagen bwa ki plante, pagen kiraj ki fet, pagen deplasman de
popilasyon kifet, pagen nouvel vil ki konstri, saw tande tout moun ap lapriyè. Saw tande a lè yo fe
evalyasyon pou we sa vil la posede pou fe fas ak katastwof yo jwenn li podese
yon grenn bako lodè ki pat menm pou leta men sete pou yon manm nan sektè prive
a li te ye. Podyab nou pep ayisyen!
Nan menm epok sa yo fatra tap taye banda nan tout
bout kwen. Pat gen okenn kiraj ki fet nan larivyè Lenbe ak Odikappou te pare
inondasyon. Nan tout litoral la se fatra
kitap bay lanmè a defi. Lap dil depiw pousem map pousew pi lwen deyè nan orizon
an. Genlè majistra a te gen espwa kom sete epok pati politik Espwa ak verite
tap mennen ke si yon sounami te vini fatra tap ka kanpel. Podyab Ayiti!
Se konsa majistra a fe anpil tan ap lapriye san
anyen pat janm regle pou moun Okap. Siw sonje epok ki sot pase la kote de rat
yo ki mete ansanm denyeman pou te pise nan vil Okap lan. Siw sonje ti kal pise nan
menm epok Matye a kite fè moun Okap bwè dlo jis nan nen yo a. Siw sonje ke kek
nan yo te menm al bwa chat. Siw sonje kew te oblije pase nan elikoptè e siw
sonje kew te enpwisan lew te rive devan gwosè inondasyon ki te anvayi vil la.
Jodya oubyen plase pou konprann ke pawol lapriyè a se pou fè moun domi. Oubyen
konprann ke defi Okap yo vin majè epi grandè nati paske yo pagen solisyon mikro
anko.
Kom mwen pat diw krik mwen panse ke wap tou
konprann kem pa bezwen diw krak pou konprann ke blag la vini e se sousi kap
kontre konya.
Kom yon antreprenè, sim dwe respekte grad kew bay
tet ou nan sosyete a, ou ase entelijan pou pa kitem fe konklizyon pou wou sou
zafè lapriyè a. Mwen pansew gentan byen konprann!
Nan matematik depiw ka demontre ke yon teorem pa ka
aplike tout kote sa kont pou pou kraze teorem sa. Kidonk mwen sipoze ke teorem
lapriyè a depase fok ou jwenn yon lot fomil majik pou akonpanyel siw pansa li
endispansab.
Ki
pwoblem mwen ak lapriyè a?
Siw vle lapriyè pou Ayiti fok ou ta konn
kote wap mete pyew. Pa kite pastè ki ranmase relijyon blan yo ak pè kap regle
bagay Bondye blan yo vin manipilew. Wap dirije yon nasyon sanblew pa menm konn kijanl
te fet. Pa kite non plis boko ki mache ranmase tout vye pwen sal ak lot inisye
kipa konn sa yap sevi metew devan.
Jodya fos bib la vin fo paske anpil egrego kontre
fe li tounen yon enstriman kifo men nou ka fe menm bagay la tou ak yon Ti Malice.
Menm jan nou bay yon paket pyebwa fos afos nou lapriyè nan yo jete dlo
elatriye. Mwen vle diw ke se nou menm ki rann bib la fò e kom se lontan te gen
plis talan mwen rekonet bib la kom yon bel zèv literè. Mwen rekonet ke pawol sa
ka destabilizew sitou siw bliye kwè nan ekzistans Bondye e ke se nan bib la wal
kwè men Bondye pap kite bagay konsa rive. Kom sa paka rive mwen panse oubyen
ame pou kontinye li mesaj mwen an malgre wou.
Jodya ni legliz ni vodou an Ayiti pa posede okenn
veti paske konesans yo melanje e se sel rityel pou fè mal ke nou enteryorize
chak jou pi plis. Anpil neg ta renmen jwenn yon pwen oubyen yon rityel, yon
priyè ak yon orezon pou few rate manda a. Lakou yo melanje, tout Antoine nan
gonmye mouri se moun ki anvi rich selman ki rete. Ki donk pagen plas pou byen
nan kè moun sa yo. Men se renmen kipi gwo zam lan pou nou te sevi avel avan nou
te alfè sanblan lapriyè nan pye Bondye.
Pou tet pam prezidan mwen pa bezwen lapriyèw la
paske ou pral priye yon Jezi Kris Blan. Siw trouve yon Jezi Nwa map tann ou e
map swiv ou. Men si wap priye Bondye ou met envitem. Si wap priye Bondye wa
cheche fomil ki pi bon pou fe a sanw pa mete katolik wangatè devan, sanw pa
voye jete Ginen yo, relijyon zanset nou yo. Sanw pa bay pastè mil goud yo vin
rablabla paske gen kont ti pastè ki kwè nan Bondye. Kidonk metew piti devan
Bondye sanw pa bezwen okenn kwayans nan okenn relijyon. Pa al pran ougan gran neg ki pral mouri
lè pwen an ekspire. Mande Bondye sajes Roi Salomon (kom ou kwè nan la bib blan
yo) pouka gouvene paske se lapriyè sa ki pi enpotan pase tout lapriyè blof kew
pare pou fè yo. Men avan lapriyè yo gen anpil bagay ou ta dwe fè.
Avan mwen sal jenoum nan edew fe
demagoji devan Bondye kitem diw kek bagay ki enpotan ou ta dwe fe prese prese
paske moun pa ale devan Bondye men vid :
1- Dekrete
yon jounen pou nou sove anviwonman peyi a.
Jounen sa ap sevi pou plante pyebwa nan tout peyi
sa. Kreye job pou teknisyen agrikol yo nan miltipliye ti kominote kote moun ap
aprann fe plantil pou plante pyebwa nan kote agronom ap gen pou deziyen pou sa
(nap fe rebwazman enstitisyonel nap kite tradisyonel la tonbe)*. Yap di nan
chak zonn ki bwa kika plante. Plantil yo ap devlope an fonksyon de afinite chak
zonn. Nan mande prese prese a chak Meri pou yo mete 5 a 7 kawo tè disponib pou
devlopman yon forê kominal. Se lwa 1972 la kifè yo ekzijans ak obligasyon sa.
Jounen sa ap sevi tou pou nou pote nou volontè pou nou netwaye vil nou yo, bouk
nou ye ak katye nou yo. Lap sevi nou pou nou fè asenisman nan peyi a. Nap kapab
itilizel pou nou fè jesyon plaj piblik yo, netwaye yo epi kontwole zonn vèt yo,
zonn touristik ak zonn natirel yo.
2- Mande Bondye limyè pou konnen sise twa jou vodou
wap fè oubyen si se twa jou lapriyè janm mwen te diw li anlè a. Sete vodou kite
libere peyi sa sepat labib! Men sete toujou menm Bondye a mwen sipoze mpagen
leson poum few. Men siw ta kwè nan bib la ak Jezi Blan an sonje kel te di bay
Cesar sak pou li remèt Bondye sa ki pou li. Kidonk sise lwa yo kite libere nou
menm si nou tap vire do bay yo fok nou ta fin remet Cesar sa ki pou li. Pa
ekzanp depi komanse sou ou menm Fok ou ta mande Bondye eskew kondane pou rete
andedan palè ki gen yon lespri mechan ki renmen wè lè san ap koule. Oubyen eske
nou kondane se etranje kipou fe palè nou pou nou. Nan jou pou anviwonman an nou
chak ta komanse rasanble yon pyè, yon kamyon sab epi kotize pou nou konstri
palè nou ak anpil diyite. Li lè li tan pou nou kite palè malediksyon sa! Nan
lavi yon pep senbol yo gen anpil enpotans.
3- Revalorize lekol pwofesyonel yo pou nou genyen
bon ak anpil teknisyen manyel tankou nan tout lot peyi Karayib yo. Pifo neg kap
soti lot kote vin fe kablaj nan peyi a se teknisyen manyel yo ye nan peyi yo
men le yo rive isit nou pran yo pou wa oubyen kad siperyè. Se mank edikasyon
kifè nou sa. Lekol kap fome kontremet yo paka pagen materyel sinon se kad bout
kouto yap fome. Li difisil poum aksepte ke gen yon enstitisyon etranje andedan
peyi kigen materyel kominikasyon pase tout gwo konpayi prive e ke se ladanl
etidyan fakilte Syans yo oblije alfè staj. Conatel te dwe genyen tout materyel
sa yo. Sinon nap toujou pedi anpil milyon nan lajan taks paske leta a two feb. Leta ap pedi pifò lajan lite dwe fè sou
konpayi yo. Mwen espere sou twazyem ane nan senk lane ke konstitisyon an akodew
pou jere peyi Dayiti a fok premye pwomosyon teknisyen sa yo ta deyo.
4- Retire edikasyon an nan men kolonn
raketè yo ki andedanl lan. Reyini tout gwo entelektyel ayisyen ki nan yon paket
gran peyi. Anpil nan yo ta renmen mete konesans yo o sevis peyi a. Devlope
plizyè selil rechech nan agronomi, nan kesyon ekonomik, nan kesyon sante, nan
kesyon anviwonman, nan ledikasyon, nan rechech syantifik. Pandan yon tan yo va
pwodwi refleksyon ke nou va eseye aplike.
5- Siw vle peyi a stab avanw rantre nan
lapriyè a komanse fe pati paw la avan. Tankou fe tout res eleksyon kolektivite
teritoryal yo byen vit. Itilize konstitisyon an pou mete kanpe yon konsey
elektoral pemanant ki pou ramene konfyans popilasyon an pou sepa 500.000 moun
ki mete yon prezidan anko. Pwofite remanbre enstitisyon yo. Depi ak Senatè tro
alez nan nome jij. CSPJ manke pouvwa. Kasasyon ap kale wes.
6- MINUSTAH prale tout bon Prezidan ou nan cho ak
ni moun ki ta renmen pran pouvwa a pou fe bagay serye ni sa ki gen foli
prezidan. Kidonk ou gen obligasyon (sa neg andeyo renmen di a ou gen obligaw)
swa pou kreye yon seri inite kipa ekziste nan polis la, ranfose sa ki la yo,
oubyen remete lame a sou pye. Si se lamew ou mete se li menm kap jetew anko men
siw mete lame pep ayisyen ta dwe genyen pou fe respekte diyitel wap gen chans.
Sepa yon lame ti zanmi tankou Prezidan Martelly te fè a.
7- Fok ou trouve yon fason prese prese pou desitire
bagay jenn 7 fwa pa semenn kife tout ayisyen tounen mandyan ak epav la. Tout
ayisyen ap tann yon mirak. Mwen pè pou peyi a paskew tonbe nan menm bagay la
tou. Ou ponko monte ou mande jenn. Lè yon jenn fanm soti nan legliz lap mache
gade tout gason nan zye paske lipa konnen si neg sa sepa mirak li sot mande
Bondye a. Lilè pou nou ede jenn fanm nan peyi sa kwè nan fos travay yo. Twop
chyen tranpe kasav nan sos jenes peyi a. Jenn gason ap veye fanm diaspora, jenn
fanm ap ipoteke avni yo pou moun kipa byen pase yo. Legliz pou bokou nan sa.
Sitirans nan vodou an pou bokou ladanl tou. Tout sa ki panse sevi Ginen bay
riches toujou devye al fe vye kontra ak djab epi pou yo al mouri bet pi devan.
Jwet pou ou Prezidan.
Prezidan kom ou te komanse ak lapriyè
nap fini ak lapriyè a, saw we? Eske sa ap deranjew?. Pagen mirak kap fet pou okenn pep. Si li pa fet pou
lot pep sepa pou nou lap vin fet. Bondye bay men fok nou merite. Siw vle
lapriyè Bondye Prezidan map envitew mete tout ayisyen nan travay. Map envitew
pran libetew pa rapo a moun kigen kob yo. Fe yon jan pou moun kipa respekte tet yo
nan leta a sispann al woule atè devan moun rich sa yo. Yo tankou moun kap danse pou lajan. Siw vle
ede sila yo ki anba a se moun kigen kob yo pou komanse takse. Men fok ou kapab bay yo sevis men wap sonje ke pandan wap
takse yo fok ou leve nivo sevis la tou. Siw kontinye ap bay neg franchiz aloske
w pagen pouvwa yon mouch pou tizonnen zorey yo pou fe lajan meriken an desann,
bese pri manje ak pwodwi premyè nesesite yo, se Mazora ki pral repetew ti fraz
li an.
Anfen Prezidan depiw mete sa yo an pratik wap kapab lapriyè konya paske siw pagen nan menw Bondye pap ogmantel pou wou. Depi gen selil souch la letenel pare poufe mirak la pou wou. Kom ou kwe nan jou jenn yo ebyen kitem raplew ke Jeziw kwe ladanl lan pat envante ti pen ak pwason yo. Yo te ekziste li miltipliye yo. Eskew pare pou fe pep sa ekziste anko. Si wi mete yo nan travay wa we mirak pep s aka fè san Lapriyè. Epitou depi yon peyi devlope pèson pa bezwen fè tout vi lap fè jenn non Prezidan. Nap priye selon kwayans nou Selman pou nou mete plis vi nan nanm nou. Prezidan mwen konnen ke teks sa pap mete lavim an danje paske ayisyen pa konprann kreyol. Se yon moun kipat lekol ki ekri yon vye teks an kreyol. San enpotans!
Nan non ni sa ki te votew yo ak nan non
sak pat votew yo tankou mwen, mwen salyew
ak tout onè ak respè ke chak sitwayen dwew.
Louicius M. Eugene
PS. Opinyon mwen se pou mwen lipa angaje kote map
travay. Menm jan
chak eleksyon yo deplwayem kote poum mwen ka vote mwen itilize dwam antan ke
sitwayen poum di sa mwen panse.